mwen se predvil remy istwa pa m nan ..avan tranbleman d te a mwen tap travay nan yon libreri pou 400 dola ayisyen chak mwen men a 400 dola sa a mwne te konn rezeve 100 dola chak mwa .. mwen te gen mennaj mwen ,, kem te renmen anpil mwen jwen avel mwen antrel nan biznis mwen fel eskonte moun kob chak mwa pou yo bal entere l, konsa konsa mwen te gen 1000 dola sou kane m e mennaj mwen an te gen 1500 dola sou kane pa l la men nan kay manman m nan te gen yon espas ki vid mennaj mwen an te di m remy annou fe yon ti boutik non ak kob sa a nou gen sou kane nou an ,, ann mete ansanm pou l fel .. san reflechi mwen dil wi ,, enben nou te desann anba lavil nou achte machandiz pou mezi lajan nou . nou ouve boutik la .. a chak sa nou vann nou retounen achte sa n pat genyen ,, konsa nou achte te nou , nou bati 3 chanm kay ak galri .. men goudougou pral mete n a zero ,, pandan jou sa mwen nan travay mwen epi mennaj mwen nan boutik la ap vann se ak anpil dlo nan je mwen te ye le m tap monte sot travay le map gade magazen ki tonbe sou moun , moun mouri mwen te panse ak mennaj mwen an ki andan boutik la eske l pa mouri tou le m rive mwen we kay manman m tonbe , boutik kraze le map chache mennaj mwen an mwen pa wel se lem desann sou teren ki tou pre lakay la .. map chache l epi se ajenou mwen wel ap kriye lap rele bondye sove remy sove remy pou li, epi vwala mwen dil bebe mwen pa mouri non mwen la . sak pi bel la li te gentan delege papa m al chache m anba lavil nan rue bonne foi, enben se konsa nou komanse ap viv a 2 men nou pat vle antre nan peche mwen avel nou te arive marye 10 oktob 2010 apre 10 mwa. nou te rekomanse biznis lan nan bouret vann bagay glase sou sit la nou jwen yon kote nap degaje nou ,achte machandiz pa 3 jiskaske nou vin arive achte yon ti gate nou met machandiz nou,, men sa poko anyen mwen vin marye map fe sex chak jou men chak lem kouche mwen toujou gen yon ren fe mal le male kay dokte dokte di m fe pye nan ren , men madanm mwen pa ka fe pitit e yo di se mwen ki pwoblem nan. dokte di m ren an pa bon li gen dlo se retire pou yo retirel , mwen gen yon venn ki dilate nan peni e mwen gen yon kis na testikil goch mwen , dokte di m rapid fok mwen anlve ren an pou m pa pedi lot ren an le sa a li pa bon pou mwen map tou paralize ,, enben le m te al nan radyo lab mwen te gen yon egzamen pou m fe yo di map bezwen 5000 dola ht pou l fel , mwen di si yo mande m tout kob sa a pou yon egzamen retire ren an pi mal ,, madanm mwen di m remy pa gen lot solisyon se ale sendomeng al jwenn se w yo deye a gen bon dokte li ka pa koute n tout kob sa a madanm mwen dekrase tout sa l te gen sou kanel li banm li pou m ka ale opere pou m sove vi m.. sak pi dwol la mwen te jwenn yon raket pou li ta pral sent lusi nou te gentan achte viza pou 3000 dola ht, enben li te bay vwayaj la vag li pat ale li pito kite viza pedu li te banm kob la pou mwen al opere,, gras a DYE mwen opere pandan 2 fwa nan ren dwat mwen , mwen gen yon lot operasyon pou mwen al subi anko men sa se pou venn ki dilate nan anus mwen an ,, koz tout operasyon sa yo mwen fe a biznis mwen vin desann mwen pa ka jwenn kob mwen ta bezwen an jus pou mwen ale opere a ,, men mwen kwe ak digicel nwel pa m nan ap depase bellll ...ak digicel nwel pa m gen plis vale..